Yon platfòm konplè pou machann, antreprenè, ak devlopè ki vle resevwa, voye, ak jere lajan an Goud — san frè kache, ak sekirite nivo enstitisyon finansyè.
Gratis pou kòmanse · Pa gen frè P2P · Kont pare nan 2 minit
Intègre ak platfòm sa yo
De yon machann solitè ak yon QR kòd jis yon devlopè k ap intègre yon API konplè — Hatexcard gen zouti w bezwen.
Kreye yon kat an Goud imedyatman. Peye Netflix, Amazon, Shein, sèvis hosting ak tout platfòm entènasyonal san kont bank etranje.
Jenere yon fakti pwofesyonèl ak yon lyen peman sekirize. Voye l bay kliyan pa imèl. Li peye, ou resevwa notifikasyon imedyatman ak prèv.
Kliyan skan QR kòd biznis ou ak telefòn yo epi peye montan egzak la nan segonn. Yon sèl aksyon — pa gen chanj, pa gen erè.
Intègre Hatexcard nan nenpòt sit wèb oswa app an mwens pase 5 minit. Plugin WooCommerce ak Hostinger v2.0 disponib. Kliyan peye an Goud dirèkteman.
Konfigire peman regilye pou kliyan fidèl ou yo. Sistèm nan kolekte chak mwa otomatikman — ou pa bezwen raple oswa swiv pèsonn.
Chauffeur ak livrè resevwa peman dirèkteman sou telefòn yo. Pa gen pwoblèm chanj egzak — kliyan mete montan la, ou resevwa nan segonn.
Voye lajan bay nenpòt itilizatè Hatexcard gratis ak imedyatman. Istwa konplè chak tranzaksyon disponib nan kont ou an tout tan.
Tableau de bò an tan reyèl pou wè tout antre ak soti. Rapò detaye, filtre pa dat ak tip tranzaksyon — ou konnen egzakteman kote lajan w ale.
Majòrite fonksyon yo gratis. Nou fè lajan lè sèvis la kreye valè reyèl pou biznis ou.
Pa jwenn repons ou a? Kontakte ekip nou dirèkteman.